City Social Media
Follow Mayor Nicholson
Pandemi COVID-19 la te gen yon gwo enpak sou lavi anpil moun; nivo enpak la te inegal. Vil Lynn konprann enpak inegal pandemi a te genyen epi li gen lentansyon itilize lajan sa a pou bati yon kominote ki pi ekitab,pi an sante epi pi dirab. Nou dwe travay ansanm pou idantifye domèn kominote nou an ki rete dèyè vwazen yo nan sa ki gen pou wè ak kalite lavi ak pwonostik sante.
Fon redrèsman ARPA ofri yon opòtinite istorik pou amelyore kalite lavi nou grasa lojman ki bon mache, sekirite alimantè, antreprenarya ak èd pou tibiznis, devlopman mendèv ki gen ladann aksè nan gadri timoun ak aksè nan teknoloji nimerik, sante mantal ak konpòtmantal envestisman nan anviwònman an ak amelyorasyon nan enfrastrikti.
Ansanm se responsabilite nou pou n idantifye zòn kote envestisman yonsèl fwa kapab gen benefis alontèm pou rezidan ak kominote nou an. Grasa yon kolaborasyon etwat, nou pral mete anplas solisyon ki pèmèt kwasans ak devlopman ekonomik etan n ap pran bonjan desizyon pou kominote nou an epi n ap ofri yon anviwònman ki bon pou tout moun.
Vil Lynn la dwe planifye redrèsman konplè li ak san paspouki epi kontinye kwasans li ki pa kite okenn nan nou sou kote. Pou reyalize kokennchenn pwojè sa a, sa pral mande kolaborasyon, planifikasyon ak prevwayans.
"Mwen rekonesan ak Administrasyon Federal la pou mete fon sa yo a dispozisyon nou, fon sa yo pral ede kominote nou an anpil ansanm ak kominote toupatou nan peyi a bese enpak pandemi COVID-19 la. Lefèt ke nou gen yon wèbsayt pou edike manm kominote a, pataje enfòmasyon yo, resevwa ransèyman epi swiv finansman an enpòtan pou garanti transparans, kenbe konfyans piblik la epi pran desizyon ki teni kont de opinyon plis moun”, se sa Majistra Jared C. Nicholson te deklare. “Nou vle pou manm kominote a jwenn enfòmasyon konsènan fason fon lajan ARPA pral benefisye tout kominote a ansanm ak opòtinite ki pral genyen pi devan pou patisipe nan priz desizyon an pou alokasyon fon sa yo."
– Jared C. Nicholson, Majistra
Lajan ARPA founi yon kokennchenn enfizyon lajan ak resous pou ede envèse tandans pandemi a, abòde enpak negatif li genyen sou ekonomi a epi poze baz pou yon redrèsman ki solid ak ekitab.
We would like to hear from you. Please send us a message by filling out the form below and we will get back with you shortly.
3 City Hall Square
Lynn, Massachusetts 01901
Mon. Wed. & Thurs. 8:30 AM to 4:00 PM
Tuesday 8:30 AM to 8:00 PM
Friday 8:30 AM to 12:30 PM
Building Trust Through Open Dialogue & Transparency
Cookie | Duration | Description |
---|---|---|
cookielawinfo-checkbox-analytics | 11 months | This cookie is set by GDPR Cookie Consent plugin. The cookie is used to store the user consent for the cookies in the category "Analytics". |
cookielawinfo-checkbox-functional | 11 months | The cookie is set by GDPR cookie consent to record the user consent for the cookies in the category "Functional". |
cookielawinfo-checkbox-necessary | 11 months | This cookie is set by GDPR Cookie Consent plugin. The cookies is used to store the user consent for the cookies in the category "Necessary". |
cookielawinfo-checkbox-others | 11 months | This cookie is set by GDPR Cookie Consent plugin. The cookie is used to store the user consent for the cookies in the category "Other. |
cookielawinfo-checkbox-performance | 11 months | This cookie is set by GDPR Cookie Consent plugin. The cookie is used to store the user consent for the cookies in the category "Performance". |
viewed_cookie_policy | 11 months | The cookie is set by the GDPR Cookie Consent plugin and is used to store whether or not user has consented to the use of cookies. It does not store any personal data. |