City Social Media

Follow Mayor Nicholson

Prezantasyon Jeneral Lwa Plan Sovtaj Ameriken (American Rescue Plan Act of 2021, ARPA) an

Pandemi COVID-19 la te gen yon gwo enpak sou lavi anpil moun; nivo enpak la te inegal. Vil Lynn konprann enpak inegal pandemi a te genyen epi li gen lentansyon itilize lajan sa a pou bati yon kominote ki pi ekitab, pi an sante epi pi dirab. Nou dwe travay ansanm pou idantifye domèn kominote nou an ki rete dèyè vwazen yo nan sa ki gen pou wè ak kalite lavi ak pwonostik sante.  

Fon redrèsman ARPA ofri yon opòtinite istorik pou amelyore kalite lavi nou grasa lojman ki bon mache, sekirite alimantè, antreprenarya ak èd pou tibizni , devlopman mendèv ki gen ladann aksè nan gadri timoun ak aksè nan teknoloji nimerik, sante mantal ak konpòtmantal envestisman nan anviwònman an ak amelyorasyon nan enfrastrikti.  

Ansanm se responsabilite nou pou n idantifye zòn kote envestisman yonsèl fwa kapab gen benefis alontèm pou rezidan ak kominote nou an. Grasa yon kolaborasyon etwat, nou pral mete anplas solisyon ki pèmèt kwasans ak devlopman ekonomik etan n ap pran bonjan desizyon pou kominote nou an epi n ap ofri yon anviwònman ki bon pou tout moun.  

Vil Lynn la dwe planifye redrèsman konplè li ak san paspouki epi kontinye kwasans li ki pa kite okenn nan nou sou kote. Pou reyalize kokennchenn pwojè sa a, sa pral mande kolaborasyon, planifikasyon ak prevwayans.  

Kisa finansman ARPA ye?

Prezidan Biden te siyen nan dat 11 mas 2021 Lwa Plan Sekou Ameriken (American Rescue Plan Act, ARPA) ki bay 1.9 trilyon dola pou ede peyi a redrese apre enpak terib pandemi a, kote plan an ofri finansman pou administrasyon Eta, lokal, teritoryal ak tribal yo.  

Vil Lynn ta dwe resevwa plis pase 75 milyon dola grasa ARPA. Lajan sa a pral rezève pou inisyativ kominotè yo te idantifye pandan yon pwosesis priz desizyon kominotè. Vil Lynn la angaje li pou travay tèt ansanm ak kominote a pou tande opinyon rezidan, tibiznis ak lidè kominotè yo sou fason lajan ARPA sa a ta dwe itilize.  

Anplisdesa, vil la ansanm ak patnè kominotè li yo pral dinamik nan chèche plis opòtinite finansman ki pral vin disponib atravè ARPA ak nenpòt lejislasyon ki bay sekou adisyonèl.  Majistra Jared C. Nicholson, Konsèy minisipal Lynn ansanm ak patnè kominotè yo pral evalye tout enfòmasyon yo bay atravè yon pwosesis angajman touptou nan Vil la epi ki baze sou opinyon kominote sa a, detèmine priyorite pou depans ARPA yo epi finalman fè rekòmandasyon pou fason yo ta dwe depanse lajan an. 

Nou vle tande opinyon ou! Ede nou deside ki inisyativ ak priyorite nou ta dwe antreprann ak fon ARPA yo.

Fon lajan ARPA yo founi yon kokennchenn enfizyon resous pou ede envèse sitiyasyon an pou kontre pandemi a, abòde enpak negatif pou ekonomi a epi poze fondasyon pou yon redrèsman ki solid ak ekitab. Kijan ou ta depanse $75 milyon dola nan lajan federal yo te bay Lynn?

We would like to hear from you. Please send us a message by filling out the form below and we will get back with you shortly.

3 City Hall Square
Lynn, Massachusetts 01901

Opening Hours:

Mon. Wed. & Thurs. 8:30 AM to 4:00 PM
Tuesday 8:30 AM to 8:00 PM
Friday 8:30 AM to 12:30 PM

CSS

Website Designed & Managed by Capital Strategic Solutions

Building Trust Through Open Dialogue & Transparency